Depi mwen ti katkat se menm kesyònman sa kap tounen, « ki kote peyi sa ap prale » ?
Vire tounen se koudeta, grèv, vye diskou tèt anba sou yon ti peyi ki ap soufri. Vire tounen se yon sèl eslogan « aba, aba, aba » oswa « jenès se lavni peyi a», « men ansanm, chay pa lou ». Bann pawòl ke youn lòt ap repete depi 50, 60 lane, ki pa gen sans ankò. Ayisyen tounen pwòp poupe twèl listwa pal Yo tounen bann zonbi ki ap pran fwèt anba erè yo. Yap pale de Desalinn, Petyon, san yo pa konprann nannan batay 1803 a. Ayisyen kilè wap pran responsablite tèt ou ? Kilè wap sispann aji tankou moun fou ? Kilè wap brize chenn lesklavaj inyorans ou ? Mwen bouke ! Mwen bouke tande menm pale anpil la, menm deblozay ki vire tounen ki ap fèt nan peyi m. Mwen bouke tande ke mwen se lavni Ayiti lè mwen pa gen yon grenn modèl valab devan m, mwen bouke wè ke kraze brize anpeche m soti lè m ap eseye mete yon ti konesans nan tèt mwen. Mwen bouke tande menm nouvèl vire tounen nan radyo, y ap fè politik, y ap pale de peyi san yo pa konprann ke de jou an jou ti bout tè nou an ap depafini. Ki kote peyi sa a prale ? Ki kote « nou » prale ? Lèzot ipokrit yo ap pwente dwèt sou nou, bannou lamen jodi pou yo ka pran grenn pa grenn ti richès nou demen. Nou tounen ti makak ke y’ap nouri ak pat fig ke yo rele « èd ». Ayisyen ooo !!! Si ou te konnen valè tèt ou, si ou te respekte aprann, istwa w , mèvèy ke ou tap fè bò isit ! Men non… ou kite vyolans, ak diskou tèt pete pran nanm ou tande ke vwazen w ap pran fil Papa bondye, tankou jan istoryen yo di a, eske se frekansite 1804 la n ap peye toujou ? Kilè n ap soti nan foli sa a? Ki kote Ayiti prale ? Ki kote nou prale ? Ou dimwens kilè n ap resi fè motè kamyonèt nou an demare… Milady Auguste / Kreyolofoni Ayiti 9 fevrye 2015
0 Commentaires
Laisser une réponse. |
Details
INTERMED
Un rêve qui a pris forme depuis le Nostradamus (journal non officiel qu'avait formé la promotion actuelle d'internat quelques années plus tôt) et qui se fait à présent tradition pour les promotions à venir. Suivez nous sur Instagram : @_intermed_ Archives
Mai 2019
|