Douvan lorizon machòkèt
Kote move lavi ap makònen Zantray kat bat,pèp izrayèl ap pwomennen Zonbi bann mannan, wi wa Voltije, kouri, kenbe lespwa Ki deside jwe marèl Sou pwent cheve pèpetyèl Nan koridò pwent zòtèy Gen yon kalamite kap tire kont Papam se prezidan Tout rèv li se plen pòch Nan savann lamizè ak traka Gen yon swaf kap dekonstonbre Kannkès lestomak, lage atè Yon swaf renmen,yon swaf viv Ki ta vle kole zepól ak lavi miyó Pou montre m kotem vle rive Kòmatchouboulout, M gen yon swaf gou dous Kap banm pataswèl depi sou bann machwè M wè dlo kap koule Nan panno kay lavi Poum rive jouk la fóm bouske Chimen swaf mw gen plizyè kalfou Gen yon swaf bonè pou dechouke lamizè Ki tabli kól nan gój delivrans Map mache, map vanse Kayin kaya sou yon wout Ak yon swaf pete fyèl Yon swaf kap jwe kach kach Nan lespri tout ti kat kat Se yon pase isi na kontre laba Yon chwal san zago Yon yanvalou,yon petwo san kadans Swaf sila se swaf libète Libète di sam panse, Libète chèche sam gen bezwen Swaf lanmou ban'm zanpoud nan trip Swaf karès lakóz panari lestomak Tout nanm mw ap tann... Tann Ti gout dlo kap koule nan sous karès Nanpwen kannari kap ase Pou satisfè lakansyèl kèm ki swaf Se pa paske m malkondóch ni ava Men se paske frechè zantray mw Se yon frechè tou won san fon Yon kaptèn dèyè pót fon kèw Mw swaf ou renmen m Mw swaf nou rankontre nan jaden pasyon Pou'm wouzew ak karès Bo w jouk mw pèdi souf Jwe lago kache sou tout kó w Anvlope w nan chalè lanmou Mw swaf voye lanmou al monte sou fós Lè nap pataje on entansite kel pa genyen Envante chema lanmou jiskaske m fou Ba'w plezi... Lé w pala, Mw kwè yon èzili san dantó Yon dambala san wèdo.. JOSEPH Pamella DCEM1
3 Commentaires
|